ENFOMASYON SOU PWOGRAM LOJMAN A PRI ABÒDAB
Apre agreman kite fet ak Biscayne Landing nan pou Munisport Site Development an opotinite a ekziste pou CRA a travay ak Vil North Miami, ak North Miami Housing Ltd. Pou jenere yon seri posyon “kay a yon pri abodab” ki pou balase ak menm kantite kay ki ap bati nan devlopman Biscayne Landing nan (jiska 5,999).
KAY A PRI ABODAB
Vle di (i) konstriksyon kay abitab ( ranje oubyen renove) selon dimansyon t eke Vil la oubyen CRA an bay (ii)kay rezidansyel ki bati “ pou vann” (oubyen ranje ak dekore) sou te ke Vil la ak CRA a mete disponib nan pri ke Vil ak CRA a etabli epi (iii) pou kay rezidansyel ki deja ekziste oubyen kay pou yon fanmi abite ki localize nan Vil la nan kote ke y’ap fe reparasyon oubyen renovasyon ak don , asistans ak lot pwogram ke Vil la ap bay, swa CRA ak lot antite Gouvenemantal otorite pou lojman.
Nan ako Plan Redevlopman CRA, CRA a Pra’l ofri sipo pou ede rezidan yo kalifye, ke se pwopriyete oubyen locate, kin an Vil North Miami pou asiste nan acha ak reyabilitasyon epi pou yo kalifye nan rezidans prensipal yo. Pou kalifye nan pwogram asistans CRA a, pou montan ki pa depase $50,000, tout ekzijans sa yo dwe antre an konsiderasyon:
Lis sa ke w'ap bezwen
- Rezidan an sipoze t’ap viv nan Vil North Miami an omwen 180 jou anvan akseptasyon Plan Redevlopman CRA a ke Miami-Dade County te fe nan dat 7 Jen, 2005 la.
- Rezidan an sipoze bay kek bon prev pou montre ke kote’l rete a kalifye.
- Rezidan an sipoze pwopriyete/rezidan nan kay nef y’ap genyen pou achte a epi se li menm k’ap sevi kom kay prensipal la pannnan period sipo finansye pou ipotek sa a.
- Rezidan an sipoze genyen yon sale ki kapab verifye swa pou achte onbyen pou ranje kay ki egal oubyen pi plis ke 50%, mwens ke oubyen egal a 120% nan areya Miami-Dade County nan sale mwayen fanmi an depan de konbyen moun ke li genyen ladann.( A pati de mwa Me 2006 la, sale mwayen pou yon fanmi ki genyen 4 moun se $55,900.)
- Rezidan, k’ap achte yon kay, sipoze genyen dosye kredi’l ase pou kalifye pou yon ipotek ki egal a 2 oubyen 3 fwa la vale sale anwel moun k’ap viv nan kay la.
- Rezidan an sipoze genyen yon let dobligasyon ki soti nan yon konpayi ki bay ipotek pou premye ipotek kay la.
- Rezidan an dwe an mezi pou’l kalifye pou ase fon, adisyonel ki pa sou kont CRA a swa pou achte oubyen pou asistans avalwa a.
- Rezidan dwe an mezi pou yo pwouve ke total premye ipotek la plis lot sipo finansye ki pa soti nan CRA a mete ak ed finansye ki soti nan CRA a jiska $50,000 ta ase pou kouvri pri kay la.
- Apepre 30% de sale mansyel total rezidan yo kalifye, apre key o fin gwenn tout lot ipotek ak asistans (an plis de pre asistans ke CRA a bay), pou kouvri depans mansyel prensipal la, entere, tax, asirans, fre asosiyasyon pou met kay, etc. pou la kay.

